tande nan syèl la, kote ou abite a e fè tout sa ke etranje a mande Ou fè, jis pou tout pèp sou tout latè yo kapab konnen non Ou, pou gen lakrent Ou, tankou pèp Ou a Israël, pou yo kapab konnen ke kay sila a, mwen te bati a, rele pa non pa Ou.
Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.”
Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”
Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou, akoz SENYÈ Bondye ou a, ak Sila Ki Sen an Israël la; paske Li te bay ou glwa.”
Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”