4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
4 Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m. Mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ki mechan.
Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.
Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; oswa ale ak yon moun kolerik,
Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.
Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”