Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Rit 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 lè Maklon ak Kiljon vin mouri tou. Se konsa Nawomi vin twouve li poukont li paske li te pèdi ni mari li ni pitit gason li yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Malon ak Kilyon mouri tou. Nawomi te vin rete poukont li, san mari li, san pitit gason l yo tou.

参见章节 复制




Rit 1:5
9 交叉引用  

Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, paske mwen te pèdi pitit mwen yo, e mwen rete sèl, yon egzile e yon vwayajè? Konsa, se kilès ki te leve sila yo? Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’”


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l.


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.


De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane.


Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje.


跟着我们:

广告


广告