Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tyè dlo lanmè a tounen san.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san.

参见章节 复制




Revelasyon 8:8
13 交叉引用  

“Gade byen, Mwen kont ou O mòn k ap detwi, ki detwi tout tè a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va lonje men M kont ou, fè ou woule desann soti nan kwen falèz byen wo yo e Mwen va fè ou vin yon mòn ki fin brile nèt.


“Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël.


Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan.


“Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a, “Ke de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri; men twazyèm pati a va rete ladann l.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive.


Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.


Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite.


Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a.


跟着我们:

广告


广告