Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Premye zanj lan kònen klewon l lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tyè nan latè ak yon tyè nan pyebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.

参见章节 复制




Revelasyon 8:7
29 交叉引用  

Li te bay yo lagrèl pou lapli, avèk dife brile nan peyi yo.


Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.


Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.


Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.


SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.


Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.


Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.


Mwen va montre mèvèy yo nan syèl la ak sou tè a: san, dife, ak gwo kolòn lafimen.


Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.


Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.


Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.


Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz defleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.


Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.


Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.


Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite.


Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a.


Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen so Bondye a parèt sou fon yo.


跟着我们:

广告


广告