Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 8:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Zanj lan te pran lansanswa a, liplen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l ak dife ki te sou lotèl la, li jete l sou latè. Lè sa a, te gen kout loray, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.

参见章节 复制




Revelasyon 8:5
24 交叉引用  

Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.


Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo. Pi Pwisan an te fè vwa l sone: wòch lagrèl yo avèk chabon dife.


Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.


Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.


SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.


Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la, yon vwa soti nan tanp lan; vwa a SENYÈ la k ap rann rekonpans a lènmi Li yo.


“File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.


Li va pran yon plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la.


Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!


Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.


“Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!


Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.


Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.


Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.


Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.


Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.


Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.


Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan.


跟着我们:

广告


广告