Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 M te kontinye ap gade epi m tande yon malfini ki t ap vole anwo nan syèl la. Li t ap rele byen fò, li t ap di: “Malè! Malè! Gade tray non pou moun k ap viv sou latè! Pi gwo malè a gen pou rive lè twa lòt twonpèt yo va sonnen.”

参见章节 复制




Revelasyon 8:13
12 交叉引用  

Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!


Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak mizè.


Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?


Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.


“Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”


Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karant-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.


Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.


Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a;


“Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.


Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.


Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm.


Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.


跟着我们:

广告


广告