Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l lan. Yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin lan, ak yon tyè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tyè nan limyè yo konn bay la. Pandan yon tyè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tyè lannwit lan te fè tou nwa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Katriyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, yon tyè nan zetwal yo, yo tout te frape. Sa fè jounen an ak lannuit lan te vin pèdi yon tyè nan klète yo.

参见章节 复制




Revelasyon 8:12
26 交叉引用  

Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.


Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.


Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè.


Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.


Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.


Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.


Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).


“Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè.


Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.


Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.


Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, avan gran jou mèvèy Senyè a vini.


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.


Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.


Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite.


Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a.


跟着我们:

广告


广告