Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 7:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Apre sa, yo di m kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 M te tande kantite moun ki te make ak sa a: Yo te sankarannkat mil moun, yo soti nan tout ras fanmi pèp Izrayèl la.

参见章节 复制




Revelasyon 7:4
17 交叉引用  

Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”


Pyè yo va selon non fis Israël yo: douz selon non pa yo. Yo va grave yo tankou sa ki fèt nan selil yo, yo chak selon non pa yo pou douz tribi yo.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.


Ouvriye vil yo, ki sòti nan tout tribi Israël yo, va kiltive li.


Sa yo va pòtay vil yo, ki gen non a tribi Israël yo, twa pòtay vè nò: pòtay Ruben an, youn; pòtay Juda a, youn; pòtay Levi a, youn.


Yon revelasyon. Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la, e l ap poze sou Damas, paske zye a lòm ak tout trib Israël se vè SENYÈ a,


Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.


“Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.


pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.


Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.


Ésaïe te kriye fò pou Israël: “Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.


Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.


Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.


Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karant-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.


Nan tribi Juda a, douz-mil te sele, nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,


Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.


跟着我们:

广告


广告