Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 6:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè.

参见章节 复制




Revelasyon 6:13
15 交叉引用  

Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a, e va jete flè li kon pye oliv la.


Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.


Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen. Liban vin wont e tanme disparèt. Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout fèyaj.


Tout lame syèl la va vin efase. Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; e tout lame li yo va vin fennen nèt, tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.


Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.


Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.


Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.


Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.


Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.


Tout gwo fò nou yo va tankou pye fig etranje ak fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.


Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.


Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm.


跟着我们:

广告


广告