Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon nan ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Apre sa, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: — Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit David la, li menm ki te genyen batay la, li kab kase sèt sele yo pou louvri liv la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.

参见章节 复制




Revelasyon 5:5
25 交叉引用  

Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm.


Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo.


Gwo kal li yo se gran ògèy li; yo fèmen byen byen di.


Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Konsa pale SENYÈ a: “Anpeche vwa ou k ap kriye, ak zye ou ap fè dlo; paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a: “Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.


Mwen te pwoche youn nan sila ki te kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di. “Konsa, li te eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo.


Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manma lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”


Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo.


Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”


Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”


Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”


konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,


Esaïe di ankò: “Li va gen rasin Jessé a; Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”


Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”


“Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.


venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di:


Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.


Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann.


Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”.


Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”


跟着我们:

广告


广告