Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj. Yo te tèlman anpil, moun pa te kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a, ansanm ak kreyati vivan yo ak granmoun yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte!

参见章节 复制




Revelasyon 5:11
18 交叉引用  

Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.


Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!


Louwe Li, tout zanj Li yo. Louwe Li tout lame Li yo!


Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.


Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.


Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.


Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,


Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo,


Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.


Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.


Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè.


Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.


Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn aksèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a.


Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.


Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye.


Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.


跟着我们:

广告


广告