Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 3:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.

参见章节 复制




Revelasyon 3:18
34 交叉引用  

akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a, e te meprize konsèy a Pi Wo a.


Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la. Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.


Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.


Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.


men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;


Yo te refize konsèy mwen. Yo te rejte tout repwòch mwen yo.


Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.


Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.


Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz sèman ki te fèt devan Bondye a.


Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. Mwen va pran vanjans e Mwen p ap bliye pèsòn.”


“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.


Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou, pou wont ou kapab vin vizib.


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.


“Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va Leve jip ou jis rive nan figi ou pou montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou.


Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati.


“Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.


“Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’


“Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”


kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


Yo te bay a lamarye a pou abiye li an lèn fen, briyan e pwòp, paske lèn fen an se zak ladwati a sen yo.


Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.


Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.


Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.


Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”


跟着我们:

广告


广告