Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 3:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho!

参见章节 复制




Revelasyon 3:15
23 交叉引用  

Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” Men moun yo pa t reponn menm yon mo.


Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.


Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.


Éphraïm mele li menm ak nasyon yo. Éphraïm se yon gato ki pa t vire.


Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.


Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.


“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.


Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,


Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!


Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.


O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.


Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.


Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.


tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.


Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,


“Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo.


“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an.


“A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri.


“Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen.


跟着我们:

广告


广告