Revelasyon 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 “Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an. 参见章节1998 Haïtienne12 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm sòti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan syèl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 参见章节 |