Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 22:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Jezi di: — Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Jezi di yo: “Koute, m ap vini nan yon ti tan ankò. Va gen anpil benediksyon pou moun ki fè sa pwofèt yo di nan liv sa a.”

参见章节 复制




Revelasyon 22:7
12 交叉引用  

ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”


Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


“Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.


“Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.


Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.


Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.


Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.


Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.


“Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.


Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.


跟着我们:

广告


广告