Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 22:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò rivyè a, te gen pyebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nan mitan gran ri ki nan vil la, sou de bò gwo larivyè a, gen yon pye bwa ki bay lavi ki donnen douz rekòt, chak mwa li donnen. Fèy pye bwa sa a se remèd pou geri nasyon yo.

参见章节 复制




Revelasyon 22:2
20 交叉引用  

Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.


Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.


Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.


Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”


Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt! Sove mwen e mwen va sove! Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.


Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.


“Mwen va geri enfidelite yo; Mwen va renmen yo an abondans, paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.


Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


“Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.


Epi douz pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.


Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.


Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,


Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.


Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.


跟着我们:

广告


广告