Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 22:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nan yon ti tan ankò, m ap vini. M ap vini ak rekonpans, pou m bay chak moun dapre sa yo te fè.

参见章节 复制




Revelasyon 22:12
19 交叉引用  

Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo, e fè li jwenn selon chemen li.


Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. Rekonpanse yo selon zèv men yo. Remèt yo tout rekonpans pa yo.


Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans. Se bra L k ap kòmande pou Li. Gade byen salè Li avè L, e rekonpans li devan L.


Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a: “Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive! Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”


“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”


Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè.


“Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.


Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.


Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans.


Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.


“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.


Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.


“Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”


“Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.


跟着我们:

广告


广告