Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 21:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Vil la te fèt kòn yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l ak wotè l te menm ak longè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad, lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad.

参见章节 复制




Revelasyon 21:16
6 交叉引用  

Li te mezire longè li, ven koude ak lajè li, ven koude, devan chanm gran asanble a, e li te di mwen: “Sa a se lye ki pi sen an”.


Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.


“Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”


Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a.


Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a yon moun, sa vle di, yon zanj.


跟着我们:

广告


广告