Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 20:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Yo t ap vanse toupatou sou latè epi yo vin sènen kan kote pèp Bondye a ye a, vil Bondye renmen anpil la. Men, gen yon dife ki tonbe sot nan syèl la, li kraze brize tout foul lame Satan te reyini an.

参见章节 复制




Revelasyon 20:9
33 交叉引用  

Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.


Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”


Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a? Di M si ou konnen tout sa a.


Konsa, yon gwo dife te vin monte nan mitan konpanyen yo. Flanm nan te manje mechan yo.


SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.


Se dife ki ale devan L pou brile tout advèsè Li yo toupatou.


Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.


Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.


Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”


Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.


Ou va monte. Ou va vini tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”


“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ la a latèt yo.


Paske, gade byen, Mwen ap leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou sezi kote ki pa pou yo.


Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.


Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.


“Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.


“Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote.


Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.


Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”


Akoz SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.


Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.


Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.


Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.


Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo.


跟着我们:

广告


广告