Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 20:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Lè sa a, l'a mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. L'a sanble yo pou l ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo.

参见章节 复制




Revelasyon 20:8
17 交叉引用  

Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.


“Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’ “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’


Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive.


Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”


Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di:


“Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li.


“Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la.


“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a.


Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”


Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.


Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.


Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.


Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.


Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.


Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


跟着我们:

广告


广告