Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 20:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li jete l nan tou san fon an, epi li fèmen bouch tou a byen fèmen a kle. Li fè sa pou dragon an pa rive twonpe nasyon yo pandan mil (1,000) an sa yo. Apre sa, y ap lage l pou yon ti tan tou kout.

参见章节 复制




Revelasyon 20:3
17 交叉引用  

Paske mil ane devan zye Ou se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.


Yon wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel.


Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.


Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.


Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.


Yo t ap sipliye L pou pa voye yo nan abim nan.


Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.


Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou.


Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.


E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.


avèk sila a wa latè yo a te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”


Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.


Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.


跟着我们:

广告


广告