Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 20:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.

参见章节 复制




Revelasyon 20:12
34 交叉引用  

Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. Rekonpanse yo selon zèv men yo. Remèt yo tout rekonpans pa yo.


Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè. Paske Ou bay rekonpans a lòm selon zèv li yo.


Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a. Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.


Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?


Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa; mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”


Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.


“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”


Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi lan a zèv li;


Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.


Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm.


“Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.


“Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”


Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.


Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.


Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.


“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”


Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.


Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.


Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”


Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.


Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.


P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.


“Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.


“Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.


跟着我们:

广告


广告