Revelasyon 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 参见章节1998 Haïtienne2 Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasyans. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. 参见章节 |