Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 2:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap sòti nan bouch mwen an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.

参见章节 复制




Revelasyon 2:16
15 交叉引用  

men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.


Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; nan lonbraj men L, Li te kache Mwen. Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, e Li te kache Mwen nan fouwo Li.


Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.


Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan.


Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.


Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.


Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.


Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.


“A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:


Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.


Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.


“Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


跟着我们:

广告


广告