Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 2:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.

参见章节 复制




Revelasyon 2:11
16 交叉引用  

Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.


Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”


Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.


Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”


Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.” Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”


Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.


Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.


Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.


Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


“Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.


“Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.


Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.


跟着我们:

广告


广告