Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 19:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan syèl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: — Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa, mwen tande gwo vwa nan syèl la, se te vwa yon gwo foul moun. Vwa a t ap di: “Fè lwanj pou Senyè a! Viktwa, glwa ak pouvwa se pou Senyè a.

参见章节 复制




Revelasyon 19:1
23 交叉引用  

A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .


Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!


Louwe SENYÈ la! O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon, paske lanmou dous Li an se pou tout tan.


Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.


Men nou va beni SENYÈ a, soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan. Louwe SENYÈ la!


Beni SENYÈ a! Beni SENYÈ a, O nanm mwen!


Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!


Louwe SENYÈ a! Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo.


Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!


Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.


Yon fwa, Bondye te pale. De fwa, mwen gen tan tande sa: Ke pouvwa, se pou Bondye.


Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va rele fò ak jwa sou Babylone; paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.


Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan.


Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.


跟着我们:

广告


广告