Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 18:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Se poutèt sa, tout kalamite l yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l la se yon Mèt ki gen pouvwa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Se poutèt sa, nan yon sèl jou, li pral soufri yon grangou rèd, dèy ak lanmò. Se nan dife l ap fin i, paske Senyè Bondye ki jije l la gen anpil puisans.”

参见章节 复制




Revelasyon 18:8
18 交叉引用  

Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?


Yon fwa, Bondye te pale. De fwa, mwen gen tan tande sa: Ke pouvwa, se pou Bondye.


Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.


Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël, ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.


“Gade byen, Mwen kont ou, O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo, “Paske jou pa ou a fin rive, lè ke M va pini ou a.


Redanmtè yo a fò. SENYÈ dèzame yo se non Li; Li va plede ka yo ak gwo fòs pou L ka mennen lapè sou tè a, ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Miray Babylone nan ki tèlman laj va vin demoli nèt. Wo pòtay li yo va pran dife. Donk, pèp yo va travay di pou ryen, e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”


“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.


Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. Anverite, kan Li vin byen gran, paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. Anverite, jou SENYÈ a gran. Li tèrib anpil! Se kilès ki ka sipòte li?


Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?


E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.


Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.


“Fanm ke ou te wè a se gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”


Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.


Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”


“Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”


跟着我们:

广告


广告