Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Paske, peche l yo fè pil sou pil rive jouk nan syèl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Peche lavil la fè pil monte rive nan syèl la. Bondye pa bliye move zak li yo.

参见章节 复制




Revelasyon 18:5
6 交叉引用  

Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.


Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.


“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.


“Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”


Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.


跟着我们:

广告


广告