Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 18:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Aa, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini! Koulyeya, se la denmon rete. Se la tout kalite movèzespri al sere kò yo. Se la tout kalite zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje, zwazo moun fèt pou rayi yo, se la yo rete.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Anj lan t ap rele byen fò: “Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan kraze! Li vin tounen kay tout demon yo. Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete. Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete. Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.

参见章节 复制




Revelasyon 18:2
26 交叉引用  

“Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.


“Akoz sa, ou va pwofetize kont yo ak tout pawòl sa yo. Ou va di yo: ‘SENYÈ a va gwonde fò depi anwo; vwa l va eksprime depi nan abitasyon sen li an. Li va gwonde ak pwisans kont bann mouton pa li an. Li va rele fò tankou sila k ap foule rezen yo, kont tout sila ki rete sou latè yo.


Babylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.


Sibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt; rele anmwey sou li! Pote pomad pou doulè li. Petèt li ka geri.


Senyè a va gwonde soti nan Sion, e va sone vwa Li soti Jérusalem. Syèl yo ak tè a va tranble, men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a, ak yon sitadèl pou fis Israël yo.


Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo.


Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo.


Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.


Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.


Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”


Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”


Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo.


Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.


“Fanm ke ou te wè a se gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”


Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.


Mwen te wè yon zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”


跟着我们:

广告


广告