Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 18:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak lèn fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 lò, ajan, bèl pyè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè vyolèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asye, an fè ak an mab,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Lò, lajan, bèl wòch ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal swa, bèl twal wouj, tout kalite bwa ki santi bon anpil, tout kalite bagay yo fè ak ivwa, an bwa ki koute chè, bagay an bwonz, an fè ak an mab,

参见章节 复制




Revelasyon 18:12
8 交叉引用  

“Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Èpi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo,


Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo.


Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn.


Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo.


Machann a bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante.


跟着我们:

广告


广告