Revelasyon 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo. 参见章节1998 Haïtienne4 Fanm lan te gen rad swa mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou lò, ak pyè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men li yon gode lò ki te plen ak madichon ansanm ak vye bagay sal lavi jennès li a. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil4 Fanm nan te gen yon rad mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou an ò, ak wòch tout kalite koulè ki gen anpil valè ansanm ak anpil grenn pèl. Li te gen yon koup an ò nan men l ki te plen ak aksyon abominab ak tout bagay sal yon pwostitye gen nan lavi l. 参见章节 |
Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.