Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 17:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Dis kòn ou wè yo, se dis wa ki pako jwenn wayòm pa yo. Men y ap jwenn pouvwa pou gouvène ansanm ak bèt la pou inèdtan.

参见章节 复制




Revelasyon 17:12
12 交叉引用  

epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo.


E pou dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo.


Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”


Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn.


Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo.


Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.


Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”


跟着我们:

广告


广告