Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 17:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: — Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral pini gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Youn nan sèt anj ki te kenbe sèt koup yo avanse sou mwen epi li di m: “Vini. M pral montre w jijman gwo pwostitye a ki chita sou anpil dlo a.

参见章节 复制




Revelasyon 17:1
20 交叉引用  

Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.


“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.


Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.


O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo, plen ak richès yo, dènye lè nou an gen tan rive, mezi gwo lanvi nou.


Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo. Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou. Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.


Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?”


Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie,


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.


Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.


Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li.


Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”


Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vrè pawòl a Bondye.”


Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a.


Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.”


Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”


跟着我们:

广告


广告