Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 15:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Lafimen ki t'ap sòti nan gwo limyè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pèsonn pat kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pat ankò pase.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.

参见章节 复制




Revelasyon 15:8
14 交叉引用  

Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit. Li fè forè a vin toutouni. Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!


Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.


Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen.


Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!


Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.


SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.


O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!


Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.


Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.


Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal.


跟着我们:

广告


广告