Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 13:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan syèl la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la.

参见章节 复制




Revelasyon 13:6
26 交叉引用  

Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.


Nan bouch yo rive nan syèl la, pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.


“Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.


Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.


“Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.


Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.


“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.


Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li,


Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.


Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.


Paske Kris pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou.


Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: “Vin monte isit la.” Konsa yo te monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.


“Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”


Apre bagay sa yo, mwen te gade, e tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.


Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”


Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.


Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”


Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.


Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.


跟着我们:

广告


广告