Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: — Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?”

参见章节 复制




Revelasyon 13:4
18 交叉引用  

Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


A kilès nou ta fè Mwen sanble, fè Mwen vin egal e konpare Mwen, konsi nou te menm bagay?


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: ‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’


Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.


Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn.


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.


Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.


Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.


Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.


“E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?”


Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo.


Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil.


跟着我们:

广告


广告