Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 13:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Bèt mwen te wè a te sanble ak yon leyopa, tankou yon barak chat takte jòn takte nwa. Pat li te tankou pat lous. Bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li. Li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.

参见章节 复制




Revelasyon 13:2
27 交叉引用  

Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.


Fè m sekou soti nan bouch a lyon an, soti sou kòn a bèf mawon. Wi, Ou menm te reponn mwen.


Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li, pase yon moun ensanse nan mitan foli li.


Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake, se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.


Kri gwonde li tankou yon lyon e vwa li tankou jèn lyon; li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.


Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.


Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.


Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès.


Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.


Tankou lè yon nonm kouri kite yon lyon pou l rakontre yon lous; oswa pou l rive lakay li, apiye men l sou mi kay la, pou yon koulèv vin mòde l.


Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.


Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.


Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.


Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a.


Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”


Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.


“Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan.


Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.


Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.


Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane.


跟着我们:

广告


广告