Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Apre sa, m wè yon lòt bèt ki soti monte anba tè a. Li te genyen de kòn menm jan ak Ti Mouton an, men li pale menm jan ak yon dragon.

参见章节 复制




Revelasyon 13:11
17 交叉引用  

“Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.


Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e sa ki pi long lan ki te leve an dènye.


“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.


Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo.


Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.


Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo.


pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se non a bèt la oswa chif non li an.


Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”


Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo.


Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.


Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.


跟着我们:

广告


广告