Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 12:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li te prèt pou l te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l rele.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.

参见章节 复制




Revelasyon 12:2
12 交叉引用  

Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.


Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.


“Chante, O esteril la! Ou menm ki pa t kapab fè pitit! Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! Paske fis fanm abandone an va depase fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.


Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la, yon vwa soti nan tanp lan; vwa a SENYÈ la k ap rann rekonpans a lènmi Li yo.


Alò, poukisa ou rele anmwey konsa? Èske pa gen wa pami nou? Èske konseye nou an fin peri? Kite gwo doulè a sezi nou kon yon fanm k ap pouse fè pitit?


Akoz sa, Li va abandone yo jiskaske sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. Nan lè sa a, retay nan frè li yo va retounen vin jwenn fis Israël yo.


Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.


Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.


Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou—


Paske sa ekri: “Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit; eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa nan doulè pou fè timoun nan: paske pitit a sila ki aflije a plis an kantite pase sila ki gen mari a.”


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


跟着我们:

广告


广告