Revelasyon 12:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò. 参见章节1998 Haïtienne11 Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo. Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp pou ta fè yo pè lanmò. 参见章节 |
Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.