Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 11:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 De temwen yo se de pye oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè.

参见章节 复制




Revelasyon 11:4
14 交叉引用  

Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”


Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.


“Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a.


Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.


SENYÈ a te bay ou non: “Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”. Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a, e branch li yo te kase.


Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.


“Pèsòn, lè l fin limen yon lanp pa mete li nan yon kote an kachèt, ni anba yon panyen, men sou yon chandelye, pou sila ki antre yo kapab wè limyè a.


Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”


Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la,


Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.


Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”


跟着我们:

广告


广告