Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Nasyon yo te an kòlè, men kounye a, kòlè pa w rive. Kounye a, jou jijman mò yo rive. Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo, pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo, ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo, piti kou gran. Lè a rive pou ou detwi moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”

参见章节 复制




Revelasyon 11:18
48 交叉引用  

Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a, menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.


SENYÈ a sou men dwat ou. Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.


SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.


Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li.


Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.


Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.


Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.


Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li. Li va soti deyò ak gwo kòlè pou detwi e fè anpil disparèt nèt.


“‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va rache, anile e detwi jis pou tout tan.


Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze san èd moun.


Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.


Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.


Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an,


men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.


Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.


Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.


Konsa, li koze tout moun, piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo,


li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.


Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.


Answit, youn nan kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.


Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.


Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.


pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”


Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”


Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.


Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.


“Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.


跟着我们:

广告


广告