Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesye yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pat toumante moun ki rete sou latè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.

参见章节 复制




Revelasyon 11:10
29 交叉引用  

Lè Achab te wè Élie, Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”


Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.


Epi wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”


Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”


pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.


Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.


Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo. Ou te fè lènmi li yo rejwi.


Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;


Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”


“Akoz nou kontan, akoz nou ap fete, o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an; akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl k ap foule sereyal; epi ki vin ranni kon jenn poulen,


Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.


Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. Malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a va yon limyè pou mwen.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.


“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.


Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.


Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.


Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.


E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.


Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.


Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.


“Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.


跟着我们:

广告


广告