Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te grannèg anpil desann sòti nan syèl la. Li te vlope nan yon gwo nyaj ak yon lakansyèl kouwonnen tout tèt li. Figi l te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife.

参见章节 复制




Revelasyon 10:1
28 交叉引用  

Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo. Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li. Li mache sou zèl van an.


Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.


Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.


Janm li se pilye fèt an mèb blan, plase sou yon baz lò san tach; aparans li tankou chwa Liban an, kon pi bèl bwa sèd li.


Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.


“Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo. Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò, konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou, ni ke Mwen p ap repwoche nou.


Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.


Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.


Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.


“Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè.


SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.


Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.


Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.


Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.


Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.


Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li.


Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.


Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.


Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd.


Mwen te wè yon zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”


Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”


跟着我们:

广告


广告