Revelasyon 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen. 参见章节1998 Haïtienne7 Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn! 参见章节 |
Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.