Revelasyon 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo. 参见章节1998 Haïtienne2 Se menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesay ki sòti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l konnen an. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm. 参见章节 |
Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.