Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Revelasyon 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap sòti nan bouch li. Figi l menm te klere tankou gwo solèy midi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.

参见章节 复制




Revelasyon 1:16
26 交叉引用  

lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?


Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an, nan bèlte Ou avèk majeste Ou!


Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a, bèl tankou plèn lin nan, san tach tankou solèy la, e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?


men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.


Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.


Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; nan lonbraj men L, Li te kache Mwen. Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, e Li te kache Mwen nan fouwo Li.


Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.


Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, e li te ponpe sou yo.


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.


Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.


Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.


Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.


Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”


Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.


Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal.


Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.


Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.


“A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:


“A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:


“Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.


“A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri.


Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li.


“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.


跟着我们:

广告


广告