28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, lè sous nan fon yo te vin etabli,
28 Mwen te la lè li t'ap mete nyaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a.
Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.
Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.
Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.
Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo, e nwaj la pa pete anba fòs yo.
“Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?
Ak repwòch Ou, yo te sove ale. Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.
Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan.
SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.