32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
32 Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.
Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm.
Ou pa pou fè adiltè.
Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
e fè zòrèy ou atantif a sajès; e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.
Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;
Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.
Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè madanm vwazen yo.
Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?
Se destriksyon pa w, O Israël! Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.
Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.